Pou ede vil Chanbelan rete pwòp, Platfòm Yon Lòt Chanbelan Posib fè minisipalite a don plizyè poubèl

Chanbelan, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ede manm popilasyon an kenbe vil Chanbelan pwòp kon pelouz, ekip Platfòm Yon Lòt Chanbelan Posib lan fè lameri Chanbelan don plizyè poubèl an plastik.
Jès sila a vize dekouraje sitwayen yo jete fatra nan diferan zòn estratejik vil la. Manm kòdinasyon Platfòm Yon Lòt Chanbelan Posib, mande tout pitit Chanbelan ak rès manm popilasyon an e lòt komin Grandans lan, rejwenn ekip platfòm lan, nan kad batay pou yon lòt figi Chanbelan.






