Operasyon Lapolis nan Taba: anpil bandi sangwen “Kraze Baryè” blese mòtèlman nan Taba

528
1
Share:
TRiboLAND

10 – 15 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li mete deyò, otorite sekiritè yo anndan peyi Dayiti konfime yon operasyon tranble janm nan fyèf group gang sangwen Kraze Baryè ki genyen nan tèt li bandi sangwen Vitelhomme Innocent, kote ke te genyen bonjan boukantaj kout zam ki tap fè kenken.

Enfòmasyon yo fè konnen, nan operasyon jounen lendi 14 oktòb la nan Tosèl, fòs lòd yo arive dekouvri nan Tòsèl kachèt chèf bandi Vitelhomme. Konsa, yo arive sezi yon bon valè inifòm lapolis, zam ak minisyon e yon katafal bandi sangwen tonbe e blese.

Lapolis demanti yon seri fake news kap paweze sou rezo sosyo yo sou cha ki bwile a. Otorite yo ta sanble ankouraje popilasyon pou pa pran nan divèsyon bandi ki an detrès e kap konte jou. Yon cha blende arive pran pann aprè ke li te antòtye nan yon labou; konsa, distans pou fòs lòt yo te arive rekipere li, bandi yo te gentan mete dife ladan li. Alòske, solda ki te nan veyikil la te deja sekirize tèt yo sen e sof.

Share:

1 comment

Leave a reply