Bandi sangwen nan vil Okay touye anba bal yon kad nan sèktè espò a

478
2
Share:
TRiboLAND

10 – 10 – 2024

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan vil Okay, depatman Sid peyia, ap kriye nan mouchwà aprè ke yon group bwakè sans al krible anba bal Réginald Pierre-Louis nan aprèmidi mèkredi 9 oktòb 2024 la.

Réginald, ki se yon “Coach Sportif” byen koni nan vil Okay, te nan telefòn nan moman brandi sangwen brakè te finn dechèpiye kèk biznis. Konsa, endividi sa yo ki pa idantifyàb, arive egzekite Réginald ak yon bal nan kou sou pretèks li tap rele polis. Malfwa yo te kouri pran lafwit san oken kontrent ak difikilte.

Se konsa, mannèv sekouris bon pwochen, te pèmèt yo kouri transpòte viktim nan nan lopital OFATMA, alòske Réginald pat pran anpil tan pou rann dènye souf li sou kabann enstitisyon medikal la.

Share:

2 comments

Leave a reply