Premye Minis Garry Conille rankontre responsab ULCC yo

477
0
Share:
TRiboLAND


07 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Premye Minis defakto Garry Conille rankontre jounen jedi 25 jiyè 2024 la, responsab inite kap konbat koripsyon nan peyia (ULCC) ak responsab Kou Siperyè dèkont yo (CS/CCA).

Premye Minis lan chita ak responsab enstitisyon sa yo sou zak koripsyon kap taye banda nan zafè vann gaz BMPAD pandan lane ki pase yo.

PM lan mande pou yo travay ansanm pou fè yon ankèt prese, prese sou plizyè milyon dola Leta ki mal depanse. Malere nan tout kwen nan peyia gen gwo difikilte pou jwenn gaz, anplis yap peye gwo lajan pou achte yon ti galon gaz pandan gwo palto yo pa sispann poze zak eskanmòtè nan souse ak rine popilasyon an.

Share:

Leave a reply