Pakè Jakmèl nan tèt kole ak lapolis demantle yon rezo eskanmòtè nan komin Lavale Jakmèl

07 – 25 – 2024
Lavale Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Pakè Jakmèl nan tèt kole ak lapolis demantle yon asosyasyon malfektè ki gen nan tèt li Gudlane ensikoni kap opere nan lokalite K-Malette, ki trouve-l nan seksyon kominal Mòn Abrile, komin Lavale Jakmèl.
Pakè Jakmèl ki gen nan tèt li Mèt Pierre Wilner Dormevil ak lapolis nan kad yon operasyon aprèmidi mèkredi 24 jiyè 2024 la, mare tankou krab 4 pami yon group eskanmòtè kise : Marcel Lindor, Edzer Saint Preuve, Ed Civile ak Anty Yvon.

Plizyè nan malfwa sangwen yo sove dejistès, kanta pou lòt yo, pou konnya yo trouve yo nan gadavi komisarya Lavale Jakmèl la. Komisè Dormevil bay moun nan depatman an garanti lap kontinye travay nan tèt kole ak lapolis pou mete an difikilte tout malfwa ki gen lide vin trouble depatman.






