Sistèm penitansye nan peyi Dayiti merite repanse, se pawòl Carsendre Salomon sitwayen angaje.

315
1
Share:
TRiboLAND


07 – 04 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan dènye moman yo prizonye pa sispann pèdi lavi yo akoz move moman yap pase nan diferan sant kaseral anndan peyi Dayiti. Konsa, se reyèlman yon sitiyasyon ki alamant e ki endinye Carsendre Salomon nan moman li te vizite plizyè prizon.

Fason yo trete moun yo gen plis chans pou yo vin delenkan aprè yo fin prije pèn yo, akoz travay pou sosyalize yo ak reyensèse a pa arive fèt. Salomon poze kesyon sa yo: poukisa se grangou ak maladi kap touye detni yo? Sekirite yo pa garanti, alewè pou travay sosyalizasyon ak reyensèsyon yo ta egziste.

Carsendre Salomon pwofite takle anpil nan responsab penitansye yo toujou ap vann manje ki vini pou detni yo, pandan devan je yo prizonye yo ap fè fas ak sitiyasyon difisil yo. Leta dwe pran bon jan dispozisyon pou estope bagay sa paske se vòlè kap pran pòz veye vòlè lè jan aksyon sa yo ap fèt.

Carsendre Salomon fini pou di nan kad vizit li rann nan prizon Jakmèl la ak lòt ankò, nan dyalòg ak yo li rann li kont gen anpil pwofesyonèl nan yo, nan sans sa Administrasyon an nan tèt kole ak Komisè Gouvènman yo ak responsab edikasyon yo te kapab òganize klas ak lekòl pwofesyonèl pou yo anndan prizon yo.



Share:

1 comment

Leave a reply