“Koupe pyebwa pou fè chabon,” se yon kansè pou peyi a

242
0
Share:
TRiboLAND

Pyebwa se richès lavi pou moun ak bèt. Nan tan lontan, li te yon pratik rityèl, lè yon timoun te fèt yo te plante yon ti pyebwa ak kòd lonbrit li. Pyebwa sa, osito li pran e ap grandi, vinn devni senbolikman yon konpanyon endispansab pou timoun nan. Pèsòn moun pa kapab koupe yon parèy pyebwà esèpte mèt pyebwà konpayèl la. E li dwe sèten ke li ranplase pyebwà sa avèk yon pakèt lòt avan menm li mete manchèt ladan l. Konsa, jenerasyon tan pase yo te afiche anpil respè pou òganism vivan tankou plant e latriye.

Jounen jodi a, anpil yon bon kantite ayisyen chwazi diminye valè yon pyebwa ki reprezante
“Lavi” an jeneral. Nan tout seksyon kominal yo, pratik koupe pyebwa pou fè chabon vin tounen yon fenomèn majè, yon nòm anachik, yon ajan destriktif kap fini avèk ekosistèm nan e ogmante risk pou dezas yo pi plis toujou. Malgre anpil egzanp katastwòf natirèl ke peyi konnen akoz debwàzman tribò e babò, ènmi lanati yo pa janm arive pran tikal konsyans pou prezève anviwonman an, tankou jan sa fèt nan tout peyi ki valorize “Lavi” atravè pyebwà.

Li reyèlman revòltan pou Leta pa pran an konsiderasyon prezèvasyon anviwonman an ki yon faktè vital nan egzistans yon nasyon. Deriv ou debwàzman pa janm bani e trake avèk rigè ou lalwà pratik destriktif sa yo kap efondre anviwonman peyi a. Anplis, Leta initil la ki toujou genyen nan tèt li dirijan politisyen esèvele, pa genyen yon minimum pouvwà konvokasyon pou adopte yon politik enèji renouvlab nan objektif pou mete yon pwen final nan fenomèn koupe pyebwà ak fè chabon an ki se yon krim.

Ki di pyebwà, di “lavi” ak “manje”! San plant yo, pa genyen anyen ki kapab sipòte lavi sou planèt la. Anpil òganism vivan depann de plant pou yo nouri tèt yo; sepandan, plant yo se inik òganism ki kreye pròp manje li apati “fotosentèz.” Si pa gen yon mezi de prevantif ki pran pou frennen flewo sa, nan 10 zan ankò peyi a ap disparèt. Kidonk, pyebwa tèlman enpòtan pou lavi sou latè, avan yon moun koupe yon pyebwa, li ta dwe deja plante ak pran swen sis (6) lòt.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Share:

Leave a reply