Mouvman pwotestasyon kont salte ak ogmantasyon pwi gaz yo nan Tigwàv

12/12/2021
Tigwàv_____(TRiboLAND) Gwo sitiyasyon tansyon ki gen pou wè ak pwotestasyon kont gaz ak salte, paralize sèvis transpò a nan vil Tigwàv samdi 11 desanm 2021 an.
Pwotestatè yo ki melanje ak chofè taxi-moto te kanpe djanm pou fè pase revandikasyon yo kont desizyon PM Ariel Henry, ke yo kalifye “zak kriminèl” lòske li ogmante pwi pwodwi petwolyè yo san gade dèyè. Pwotestatè yo ki te ankolè te arive bloke konplètman wout Nasyonal numewo 1 an; yo te egalman drese barikad anflame kont pwi gaz la ak fatra kap moute balkon 17 wotè nan vil Tigwàv.
Konsa, sitiyasyon an ta pwàl dejenere avèk entèvansyon lapolis ki tap tante retabli kalm ak deblokaj sistematik sikilasyon an. Entèvansyon lapolis la okazyone Marqueline Lamour, yon dàm ki pat genyen anyen pou wè avèk pwotestasyon yo, pran 2 bal nan do nan moman li te lakay li nan yon katye ki pote non “Bèl Avni” nan Tigwàv.
Pwotestatè yo pat pran koulè ditou ditou; yo te kouri vit e pwese transpòte viktim lan lopital e refoule beton an avèk anpil fwaka deblosaj yon fason pou egzije idantifikasyon ak arestasyon polisye ki tap tire a.






