Ansanm Òganizasyon Sosyete Sivil la, mande Jovenel Moïse respekte Konstitisyon 1987 la

02/04/21
Pòdpè______(TRiboLAND) Ansanm Òganizasyon nan Sosyete Sivil la ki fè pati opozisyon politik la, pa deside bese lebra devan desizyon chèf lokatè Palè Nasyonal la, Jovenel Moïse ki di l ap kite pouvwa 7 fev 2022.

Konsa, nan yon chita Pale ak TRiboLAND jounen mèkredi 3 fevriye 2O21 an, kowòdonatè Nasyonal Tèt kole Ti Peyizan Ayisyen an, Rosnel Jean Baptiste ki t ap pale nan non Platfòm 4G ki reyini ansanm òganizasyon sa yo tankou MPNKP, MPP, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ak KROS (Kowòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès yo),… pou n site sa yo sèlman, renouvle angajman yo pou mande prezidan Jovenel Moïse rèmèt povwa a 7 fevriye 2021 an yon mannyè pou evite yon revyè san anndan peyi Dayiti.

Daprè kowòdonatè Nasyonal la Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen an, ak prezans Jovenel Moïse nan tèt peyi a, vin agrave sitiyasyon an chak jou pi plis kote lavichè, mizè, grangou, ak ensekirite kote lavi moun pa gen kras valè devan grenn je bandi ak zak kidnapping ki pa sispann repete ki se sèl kòk chante .
Fòk nou di , malgre divès sektè nan lavi nasyonal la tankou Legliz Katolik, Legliz Pwotestan, Asosiyasyon Bawo Avoka yo nan peyi dayiti, Ansanm Òganizasyon nan Sosyete Sivil la mete sou divès mobilizasyon ki deklantche atravè peyi a pou mande Jovenel Moïse rèmèt kle palè a 7 fevriye 2021, sa pa anpeche ekip Tèt Kale a fikse òlòj li sou 7 fevriye 2022.
Saint Jean Wiskis






