Repiblik Dominikènn ap plede pou Ayiti ki alagoni

321
0
Share:
TRiboLAND

Sen Domeng__(TRiboLAND) Misyon pèmanan Repiblik Dominikènn nan LONU entèsede e ap mande pou Kominote Entènasyonal la montre solidarite avèk Ayiti nan restore stabilite anndan nasyon sa, ki nan ki mawonde nan yon kriz politik depi senk semènn.

Responsab peyi panyòl yo ki atravè yon twit afiche entansyon pou sipòte “otorite lejitim Ayiti yo, fè eta de yon seri objektif ki kapab retabli restorasyon stabilite ak devlopman demokratik nan peyi Dayiti”

Jodi a, Ayiti ap travèse moman ki pi krusyàl e Leta Dayiti bezwen efò kolektif nou yon fason pou li vanse. Li enpòtan pou pwan oserye kondisyon sekiritè ak kapasite peyi Dayiti pou garanti stabilite nan pwòp tèritwa li,” dapwè deklarasyon misyon Repiblik Dominikènn nan.

 Twit la ki te kontinye ankouraje “tout aktè konsène yo ki nan Afè piblik ayisyènn nan pou patisipe san pèdi tan nan yon dyalòg san fòs kote.”

Antite Dominikènn nan anndan LONU di ke li apiye tout aksyons ke peyi vwasen an ap antrepwann pou devlopman Ayiti.

Share:

Leave a reply