Manif pi rèd nan Pòdpè!

182
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè___(TriboLAND) Manif yon lòt fwa ankò nan vil Pòdpè jounen Lendi 07 Oktòb 2019 la. Alòske lekòl pa ka pwan jarèt nan depatman, sou inisyativ manm opozisyon an, divès sitwayen yon lòt fwa ankò te achte divès kwen nan site Kapwa Lamò-a lajan kontan.

Pakou pwotestatè te akonpanye yon rit tanbou kata ak bwanch bwa e pankat nan men yon fason pou bat tenèb dèyè pwezidan Jovenel ke yo estime ki efondre peyi-a pi plis.

 Manifestan yo te rann yo akote Pakè Pòdpè a, kote ke yo tap lanse pawòl piman bouk kont #1 Pakè a ki se Me Jean Volney Bellarmin, ke yo estime ki te vle kase ren mouvman an popilè ak aktivite manif kap taye manda pwèske chak jou Bondye mete. Me Bellamin ki se youn nan moun ki fidèl ak Jovenel, te jwenn anpil kritik sitou nan fason li tab pouswiv divès militan e lage manda darè kont apepwè 18 manm nan opozisyon an.

Konsa, manif 7 Oktòb la nan Pòdpè te konstiti yon veritab defi ak defoulman kotidyen pou sa yo ki pa vle sèvi ak Jovenel Moise ankò. Nap raple nou, Manif lan ki te sou wot pwoteksyon PNH te fini san okenn ensidan.

Share:

Leave a reply