Krim dirijan yo, vyolans ak kòripsyon eli ofisyèl yo ak enkonsyans boujwa teworis yo tèlman ri ve twò lwen, Ayiti pwal finalman netwaye e libere tèt li a jamè

Se tout bon Ayiti pwal eksploze nan jou sa yo! Manman pitit mare senti-w, sak gen pou fèt la pwal fèt! Se vre, sanginè Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) yo, detèmine pou fini tout bon vre ak popilasyon ayisyènn nan. E nou rete kwè Ayiti pap menm gentan wè Janvye 2021. Nan sans sa, ke tout moun rezinye yo mouri mouri nèt, yon fason pou debarase peyi ak tout moun ki ensansib, konplotè ak yon sistèm ki mete Ayiti nan lanfè etènèl sa jounen jodi-a. Moun pa bezwen yon divinò pou wè se yon pèp ki anba vyolans ak soufwans kotidyen e opwese ak tèworize anba men pwòp dirijan li.
Malerezman, konpòtman gouvènman, senate, depite, siryen Bachar Al Assad yo somalize peyi a ak vyolans jeneralize; pèp ayisyen pa gen lòt chwa ke reponn ak vyolans lan atravè yon eksplozyon sosyàl ki pou di ASE se ASE yon fason pou mete yon fen nan soufwans li e libere tèt li de tout enpidisite ak malandryen san pitye ki prive peyi-a de tout bagay de baz nèpòt lòt pèp kapab genyen. Mechan kriminèl yo deklare yon gè san mesi kont vi chak sitwayen ayisyen e yo enstitisyonalize tout bagay lòt peyi vwomi tankou:
pami yon pakèt lòt ki agonize
Vòl, Vyòl, Enpidisite, pwostitisyon, Iminite, Inegalite, Ghetto, Kòripsyon Finansyè, Enjistis, Aksyon Teworis, Dwòg, Demantèlman Fòs Etatik, Inyorans, Egzòd Masiv ou Emigrasyon, Krim Imanitè, Abi Otorite, Gansterizasyon, Kidnapenn, Inyorans, Fatra ou Malpwopwete, Enkonpetans, Devalorizasyon Moun, Ensekirite, Mizè, Povwete, Kanibalizasyon, Pwostitisyon Anfantenn, Vyolans Domestik, Komès Zàm, Komès Moun, Komès Ren Moun, Ensekirite Bankè, Secherès, Zak Asasinaj san konte ak anpil lòt tankou Kontrebann ak Mache Nwa.
Antouka, enòmite deriv sa yo ki se vyolans ak krim ke dirijan yo kòmet sou yon pèp inosan ki pa ka soufwi ankò, pwal pèmèt vaz la debòde e chavire! Nivo tansyon ak kri de detrès nan peyi-a kreye demanjezon nan zantray tout patriyòk ki reyalize ke yo pa gen peyi ankò! Pandan yap asiste Ayiti kap disparèt anba men yon seri idyo malandrwen, yo pa vle mouri san aji. Avan lontan, pèp souveren dwe reziye-l tankou Kapwa Lamò pou li pa mouri ajenou, men fè pwèv li ankò nan monn lan kòm fòs ki kapab eradike tout kansè sèvitid sistematik yo ki pote atent a vi chak sitwayen ayisyen, e pouswiv yo jous nan lòt peyi si se nesesè!
Jacob Bendallahm







Famiy triboland ap diw mesi dg
Triboland latortue