Etazini: Yon gwoup elèv elemantè deside kolèkte soulye dezyèm men pou timoun an Ayiti

03-13-2019
ETAZINI__(Triboland) Elèv nan Lekòl Elemantè Straub mete yon kolòk sou pye yon fason pou yo kapab kolèkte soulye dezyèm men pou timoun an Ayiti.
Pwofesè premye ane, Madam Amanda White kap travay nan Straub fè konnen elèv li yo ap chèche mete sou pye yon pwojè sou sèvis kominotè e yo deside rasanble yon pakèt soulye dezyèm men pou nasyon zile karaib la. “Nou te pale anpil sou Lorax ak sou enpòtans resiklaj”, selon madam White. Nap chèche wè kòman nou kapab resikle. Nou konnen yon bon zanmi pa nou kap fè travay misyonè nan Misyon ki rele “Go Haiti Program” nan e nou konnen egzakteman ki jan travay li fè.
Madam White di, elèv li yo wè foto kap soti Ayiti e lè yo konpare lavi nan peyi Dayiti ak pwòp lavi yo, se jou e lanwit. Nan sans sa, elèv yo deside pou yo kolèkte soulye pou timoun nan peyi Dayiti.
Selon Madam White, elèv yo te gen yon premye plan pou yo te ranmase 25 pè soulye, men apwè sa yo te vinn genyen yon plan pou 100 pè soulye. Konsa, lè yo te finn genyen 100, yo te pwojete yon lòt plan pou 200 pè soulye dezyèm men.
Nan moman sa a, elèv yo deja resevwa 118 pè soulye, selon Madam White. Yo ap kolèkte tout kalite soulye: soulye pou ti bebe, soulye pou mete anndan kay, tenis, bòt, soulye pou sòti, e yo menm asèpte pwan soulye futbòl tou. Konbit soulye a ap fini jiska 29 Mas, e soulye yo konte ale nan peyi Dayiti oplivit ke posib.






