Dezyèm Jounen Gwo Operasyon Netwayaj nan Divès ri nan vil Jakmèl, rapouswiv jounen Jedi 23 Jiyè 2026 la

59
0
Share:
TRiboLAND

07/24/2026

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kontèks efò sistematik kap fèt pou amelyore pwòpte ak prezantablite vil Jakmèl kòm yon destinasyon touristik, Direksyon Depatman Touris Sidès lan te òganize yon lòt aktivite espesyal ki rele “Dezyèm jounen operasyon netwayaj nan lari yo.” Aktivite sa a te fèt yè Jedi 23 Jiyè 2026 la; se te yon enpòtan inisyativ ki te soti nan angajman enstitisyon an te pran pou ranfòse kondisyon sanitè ak vizibilite vil la.

Nan kad sa, Direktè Depatman Touris Sidès la, Dieuveuille B. Bazile, ansanm ak Direktè Adjwen Depatman SNGRS, Mackencia Paulin te patisipe aktivman nan operasyon mete lapwòpte a. Patisipasyon dirèk sa a montre angajman lidè yo nan pwomosyon yon anviwònman ki pi pwòp, ki pi bèl, epi ki pi akeyan pou vizitè ak sitwayen yo.

Aksyon sa yo pa limite sèlman nan netwayaj fizik lari Jakmèl, men yo vize yon chanjman nan mantalite ak konpòtman sitwayen yo. Yo ankouraje egalman sitwayen yo pou adopte bon pratik nan jere fatra, jere dlo ak lòt resous, epi pou yo vin pi konsyan sou enpòtans swenyaj anviwònman an. Objektif prensipal la se kreye yon kominote pi pwòp, an sante, epi ki pi atiran, ki kapab atire plis touris, epi ki ankouraje devlopman ekonomik nan vil Jakmèl.

Share:

Leave a reply