CPT ki ta sanble ap naje nan kòripsyon an, oze mande revokasyon minis Afè Lòt Bò Dlo a, Madam Dominique Dupuy pou satisfè konpòtman rasis otorite dominikèn yo

552
2
Share:
TRiboLAND

10 – 15 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ekip CPT voryen ki pa itil peyi a, absoliman anyen ap miltipliye bwas pou revoke minis Afè etranje a, Madam Dominique Dupuy yon fason pou fè traktasyon sou sitiyasyon twa swa dizan prezidan ki ta genyen dosye salte kòripsyon sou do yo.

Nan  rankont ki arive fèt ant PM Garry Conille ak swa dizan konseye prezidansyèl yo jodi 15 oktòb 2024 la, “REVOKASYON”, madam Dominique Dupuy te inikman pwen ki te sou tab diskisyon yo. Chèf gouvènman an, Garry ta sanble pa antre nan lojik pou voye minis la an disponiblite.

Se nòmal, yo pati pou yon inyèm kriz ankò, paske se nan kriz anpil nan yo fè rakèt!

Nap raple nou, gouvènman rasis Luis Abinader la, pap manke mande kèk semen pase, revokasyon Dominique Dupuy akoz li tap dezabiye yo diplomatikman. Antouka, ekip CPT nèf tèt la ta sanble ap aplike egzijans blan jònn yo; tankou jan gouvènman panyòl la te swete wè li. Se konsa, konsèy initil la ki kontinye ap trennen lavi moun nan labou ak imilyasyon, ap fè anpil mannèv pou arive satisfè bòs yo nan repiblik dominikèn ki pa sispan ap destabilize peyi Dayiti atravè dirijan souflantchou ak san pidè.

Ayiti bezwen plis ke jamè yon lidè ki pwòp e ki pa sanble grenn senk nan vann dinyite popilasyon li; yon moun ki pa nan kowalisyon pil sou pil, e ki pa soufwi yon defisyans kredibilite ak onètete. Moun ki aspire pou bay popilasyon ayisyèn nan yon ti kal espwà ak respè devan rès monn lan. Moun ki pa soti pou konsyone kòriptè ki bezwen akapare bwat diplomatik kòm byen pèsonèl oubyen kòwonpi kap vann pòs.

Pou anpil moun, CPT a pa lòt bagay ke yon seri laplipa kolòn pa serye; ki dayè, oze ap repwodwi tèt yo nan figi popilasyon ayisyèn. Yo estime ke genyen nan yo ki genyen anpil odas ak trik pou menm arive mande revokasyon yon sitwayèn ki chwazi pa vann peyi a ak blan jònn repiblik dominikèn. Dayè, nan peyi serye, se trè enpètinan, pou yon seri, swa dizan otorite krizokal, pèmèt ap kontinye moke popilasyon an; kote ke yo detèmine pou yo enpoze yo kòm otorite malgre yo ta sanble genyen dosye kòripsyon ULCC sou do yo.

CPT, ki kontinye ap voye flè a, e ki kontinye ap anbarase peyi devan je lòt nasyon, estime ke madanm Dupuy te twò radikal fas ak frekansite repiblik dominikèn nan, nan fason ke l’ap maltrete ayisyen e menm fòse yo kite peyi rasis la yon fason pou kite dèyè tout sa yo posede pou dominiken nan tout domèn.

Pèp ayisyen pran twòp pasyans ak yon parèy CPT, ki pat sipoze nan figi moun toujou akoz rine y’ap rine peyia nan tout nivo. Lè ou pa pwòp ou pa genyen absoliman oken dwà pou ou gade rad sal sou moun! Si yon parèy konsèy, kontinye ap fè reselè pou kenbe sa yo ki genyen dosye kòripsyon ki tonbe sou yo, konnen se menm plim, menm plimay! Se reselè kap kouvwi pou reselè! Yo tout tonbe nan menm panye!

Ke popilasyon an rekònèt, ke vrè dominiken kap maltirize nou yo, pa nan panyòl, men pito, yo nan koulwa politik lakay, pou kontinye maltrete, abize e tòchonnen ayisyen frè yo pou satisfè kolon kriminèl rasis yo.

Ke popilasyon ayisyèn nan mande revokasyon an blòk CPT kòripsyon sila, ki deja yon anbarasman nasyonal e entènasyonal!

Share:

2 comments

Leave a Reply to Calixte Cancel reply