Lopital Wesleyen nan Lagonav ap travay chak jou pou bay popilasyon an sèvis, yo gen kapasite pou pwodwi 10 bonbòn oksijèn chak jou.

871

07 – 04 – 2024

Lagonav, Ayiti _____(TRiboLAND) Lopital Wesleyen sou Zile Lagonav reyalize yon kokennchen travay pou amelyore kondisyon sante moun yo, aprè divès sèvis responsab yo mete disponib pou asiste moun yo jwenn sèvis sou plas, enstitisyon medikal la gen yon pwòp sistèm pwodiksyon oksijèn pa yo.

Si gen gwo sant ospitalye nan peyia kap fè fas ak pwoblèm oksijèn, Lopital Wesleyen nan Lagonav, gras ak mwayen pwodiksyon oksijèn flanban nèf yo, kapab pwodwi anviwon 10 bonbòn oksijèn chak jou. Yon kantite ki depase sa Zile a itilize chak jou ki se 8 daprè Louino Robillard nan kad yon vizit ak Rasin Lakay.

Oksijèn se yon eleman vital ki sove lavi chak jou nan lopital yo, divès moun mouri deja nan plizyè lopital nan peyia akoz pwoblèm sa. Konsa, Rasin Devlopman envite moun Lagonav ak rès peyia pran sèvis yo nan lopital Wesleyen epi sipòte estrikti a nan mezi yo kapab.

Comments are closed.