Lapolis anonse konba pou kraze gang Barbecue a, pap kanpe malgre yo pako bay okenn bilan ofisyèl.

803



06 – 16 – 2024

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Direksyon jeneral PNH la anonse atravè paj Facebook ofisyèl li ke operasyon ki pou te kòmanse apati baz pòtpawòl kowalisyon gang Viv Ansanm yo, ki donk nan baz “Barbecue” ap rapouswiv seryezman.

Sòti nan dat 12 jen pase a pou rive jis jounen jodi a, PNH la anonse key o pap retire baz yo nan Dèlma 2, 4 ak 6 poun site sa yo sèlman, toutotan yo pa mete do Barbecue atè.

Sepandan malgre PNH la anonse konba yo ap rapouswiv nan zòn nou sot site la yo, men jis jounen jodi a pako janm gen yon bilan ofisyèl ki bay yon ide sou dimansyon batay PNH la, tout fwa yo anonse sou kont Facebook yo PNH la kraze anpil barikad. ‎

Comments are closed.