Komisè Jean Ernest Muscadin vizite Baz BSAP la, nan komin Tigwav.

937


05 – 27 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Miragwann lan, Jean Ernest Muscadin nan tèt yon delegasyon akonpaye ekip li, vizite baz BSAP nan premyè seksyon Souspino, komin Tigwav.

Selon komisè Muscadin ki tap pale ak responsab BSAP la nan Tigwav mèt Edny Vergin, fè konnen, vizit sila reyalize, nan lide pou ankouraje ajan BSAP yo nan kad travay yap fè pou pwoteje anviwonman an, nan fè rebwazman nan yon seri espas, fè jaden, epi mete pwason nan letan Anous, pandan l di yo, li pare pou sipòte yo, nan travay yap fè nan kominote a.


Yon lòt kote, komisè Jean Ernest Muscadin egzòte ajan BSAP yo pou yo pa ankouraje banditis sou kelkeswa fòm nan, pandan l raple yo, yo legal, paske daprè li, se yon arete prezidansyèl ki te nome yo.

Comments are closed.