Popilasyon an nan komin Kwadèboukè lanse yon sos/sos dèyè Vladimir Ensikoni yon gang 400 Mawozo k’ap tante rantre nan Sendomeng.

799


05 – 23 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon an nan komin Kwadèboukè kontinye rete vijilan. Vladimir Ensikoni alyas Bal nan Kè, se non yon chèf gang ki t’ap opere baz Chen Mechan ki te rejwenn baz 400 Mawozo, ki lage pye li nan baz la k’ap tante rantre nan peyi vwazen.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, Vladimir Ensikoni alyas Bal nan Kè, se yon pwisan chèf gang k’ap opere aktyelman nan gang 400 Mawozo e se li menm ki te retire lavi polisye Réginald anndan legliz Beaudet a.

Nan moman n’ap pale la, popilasyon Kwadèboukè a mande ak tout sitwayen konsekan pou rete vijilan yon mannyè pou rive poze lapat sou chèf gang sangwen sila. ‎

Comments are closed.