Yon gwoup avoka nan bawo Fòlibète a pote sipò bay peyizan plèn Womaribawou yo

54

09-14-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup avoka nan bawo Fòlibète, depatman Nòdès ki gen nan tèt li Mèt Jonas Victor, deside pote sipò pwofesyonèl, moral ak ekonomik bay peyizan nan Womaribawou jounen jedi 14 septanm 2023 a.

Pou avoka yo, yon parèy travay dwe kontinye san gade dèyè. Yo fè konnen yap pote sipò jiridik bay peyizan yo. Revèy popilè a dwe kontinye avèk konstriksyon Kanal Irigasyon sou Rivyè Masak la.

Jan yo toujou di sa, solèy la leve nan Lès, li kouche nan Lwès. Fwa sa a, se tout bon vre devlòpman Ayiti kapab kòmanse avèk mouvman tèt ansanm sa a ki pwouve se Linyon ki fè Fòs la.

Comments are closed.