Kwadèboukè: Bandi ame mete sou yon bis “Capital Coach Line” ki tap asure trajè Repiblik Dominikèn e Ayiti

01-19-2023
Kwa Dèboukè, Ayiti______(TRiboLAND) Bandi ame yo pa arive idantifye mete men sou yon bis konpayi “Capital Coach Line” avèk 50 pasajè. Otobis la ki tap asire trajè repiblik dominikèn – ayiti, te trouve li nan zòn Meyè, komin Kwa Dèboukè yè mèkredi 18 janvye 2023 a.
Enfo yo ta fè konnen ke se pasajè ki te abò bis la ki te arive ap voye SOS mesaj telefonik pandan briganday la, yon fason pou lapolis te kapab alète.
Pandan tout nwit mèkredi a, kontak yo te vinn diskontinye avèk pasajè yon ki ta sanble anba presyon bandi yo, pèdi privilèj pou kenbe kontak ak fanmiy yo.






