Lapolis fouke yon fanm ki tap evolye nan yon seri zak banditism nan Pènye

1,200

12-03-2022

Pòtoprens, Ayiti (TRiboLAND) Lapolis fouke yon fanm ki tap evolye nan yon seri zak banditism nan Pènye jodi samdi 3 desanm 2022, daprè yon kominike enstitisyon fòs sekirite a mete deyò. Elmita Jean, se manman fanm yon manm gang ki rele Ti Gaby ki fè pati group gang sangwen nan Tèsèl e ki genyen nan tèt li gro chèf gang Vitelhomme.

Fòs lòd yo te arive entèpele Elmita nan Pènye, nan Petyonvil. Yo reproche li dèske li enplike nan zak banditism ak asasina sou yon seri polisye, kidnapping ak asosyasyon malfektè.

Kominike lapolis la rapouswiv pou’l di ke manman gang lan trouve li nan gadavu pou swit legal yo.

Comments are closed.