Nòdwès / Mach pasifik : Moun nan depatman Nòdwès la leve kanpe pou di non ak pwojè Leta genyen pou fèmen pò a

2,390

08-11-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboLAND) Li te 10è nan maten, jodi jedi 11 dawou 2022 a, lè plizyè 100tèn moun pran lari nan vil Pòdpè pou leve kanpe kont Leta santral, ki gen nan tèt li, PM defakto Ariel Henry .

Moun Nòdwès di zafè fèmen pò Pòdpè a, yo pap pran sa men Ariel Henry ak akwolit li yo. Moun yo di non ak moun kap voye zam ak minisyon yo, yo mande Leta santral pran responsablite yo pou yo regilarize sa ak ranfòse kapasite ajan dwanye yo pou deriv sa yo pa rive ankò.

Pò Pòdpè a reprezante anpil bagay pou moun Nòdwès, anpil moun se la ki fasilite yo voye timoun yo lekòl, peye lwaye, soutni fanmiy ak zanmi. Fèmen pò Pòdpè a, se ogmante lavi chè a nan Nòdwès, se ogmante nivo ensekirite a, elatriye. Konsa,yo mande Premye Minis defakto a, pou chèche tout moun ki enplike nan voye zam ak minisyon yo, men retire lide yo genyen pou sezi bato ak fèmen pò a.

Se premye faz batay la, lòt faz la pap dous, daprè majorite moun ki te reponn prezan nan mach sila.

Comments are closed.