Dosye trafik zam Mèt Robinson Pierre Louis a transfere nan kabinè enstriksyon

1,484

07-26-2022

Pòtoprens, Ayiti_______(TRiboLAND) Fouke nan salmalaza trafik zam Pòdpè a, Sekretè jeneral Bawo Pòtoprens lan, Mèt Robinson Pierre Louis fè objè de yon manda depo.

Se konsa, Mèt Jacques Lafontant, ki se komisè gouvènman an deside transfere dosye a nan Kabinè enstriksyon lendi 25 jiyè 2022 a.

Sepandan, nan menm jounen lendi 25 jiyè a, plizyè avoka tankou Mèt Jacques Letang e Mèt Barnave Cheron e Batonyè, Mèt Marie Suzie Legros fòmule yon seyans “habeas corpus” an favè Mèt Pierre Louis.

Comments are closed.