Rapè ayisyen-ameriken blese anba bal nan yon konsè nan Los Angelos

2,544

02/14/2022

Los Angelos______(TRiboLAND) Yon deblozaj tire kout bal pete nan yon konsè mizikal  Justin Bieber yè samdi 12 fevriye 2022 a nan Los Angelos, okazyone rapè ayisyen ameriken, Kodak Black blese e transpòte bwit sou kou nan sal ijans.

Anpil gwo selebrite te prezan nan yon parèy espèktak kote ke katchouboumbe a eklate ant Kodak Black ak yon lòt gwoup nèg ki tap asiste konsè a, lakoz 4 moun arive blese anba bal, dapwè yon sous lapolis Los Angelos ki konfime ke vi moun ki blese yo pa an danje.

Comments are closed.