Ansyen depute Limonad la, Tertius Tanis mouri

420

05/29/2021

Limonad_____(TRiboLAND) Ansyen depute komin Limonad la, Tertius Tanis mouri yè vandredi swa 28 me 2021 an.

Elu 50è lejislati a ki t’ap plenyen ak yon pwoblèm respiratwa te fè fas ak yon malèz malmakak ki ta pote li ale san pèdi tan; dapwè kèk sous familyàl, Tanis ta sanble te teste pozitif pou kovid-19.

Tertius Tanis, se yon Agwonòm e alafwa yon Enjenyè. Li se PDG yon enstitisyon ki rele” Agriculture Faim Zéro” kite dèyè tout yon seri bèl pwòjè agwikòl ak kominotè ki te chita sou fòmasyon remanbwàj pwodiksyon nasyonal la ak konsèvasyon agwikòl. Ant 15 ak 16 li te òganize 2 joune fòmasyon pou plis pase yon 50 agwonòm nan yon fèm agwikòl ke li genyen nan Limonad.

Ke nam li repose nan lapè!

Comments are closed.