Jakmèl : Etidyan Dwa yo fè yon gwo similasyon pwosè pou metrize pratik jidisyè yo

06/19/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Jakmèl (EDSEJ) òganize jodi vandredi 19 jen 2026 la, nan lokal enstitisyon an, dezyèm edisyon similasyon pwosè ki rasanble etidyan, pwofesè ak envite espesyal. Aktivite sa a, ki te lanse depi nan lane 2025, fè pati yon seri inisyativ lekòl la mete sou pye pou ede etidyan yo devlope konpetans pratik yo nan domèn syans jiridik, pandan y ap prepare yo pou reyalite sistèm jidisyè a.
Pandan egzèsis la, patisipan yo te jwe diferan wòl ki egziste nan yon pwosè penal, tankou jij, komisè gouvènman, avoka ak akize. Similasyon an te pèmèt piblik la swiv tout etap yon dosye penal, depi ouvèti ankèt la rive jouk nan pwononsyasyon jijman an. Se te yon okazyon pou montre kijan pwosedi legal yo fonksyone epi pou rann jistis la pi aksesib ak pi fasil pou konprann.
Responsab EDSEJ yo fè konnen aktivite sa a gen pou objektif ranfòse fòmasyon pwofesyonèl etidyan yo lè li mete teyori ak pratik ansanm. Daprè yo, similasyon pwosè yo se yon zouti enpòtan pou fòme pwochen pwofesyonèl lajistis yo, pandan y ap ankouraje refleksyon sou fonksyònman sistèm jidisyè ayisyen an ak respè prensip legal yo.






