Konseye an imaj Cassandra Patricia Guerrier kritike travay makiyè, fotograf ak estilis li ki te akonpanye Miss Port-de-Paix

Konseye an imaj Cassandra Patricia Guerrier kritike travay makiyè, fotograf ak estilis li ki te akonpanye Miss Port-de-Paix epi pwofite bay kèk konsèy pou amelyore imaj li
Wilgens Devilas, Radio Generation80
Kèk jou aprè li finn eli, miss Port-de-Paix a kontinye kenbe aktyalite a. Fwa sa a se tou pa Cassandra Patricia Guerrier ki se konseye nan imaj pou plizyè pèsonalite ki kritike travay makiyè, fotograf, ak koutiryè ki te akonpanye miss ki lakoz yo pa mete an avan bote miss lan. Se natif Port-de-Paix a li fè remak sa yo aprè aprè anpil moun de mande li avi pa li sou miss lan. Konseye an imaj la, Cassandra Patricia Guerrier, deside soti nan silans li pou l pote kèk klarifikasyon teknik. Malgre li presize li pa konnen detay sou konkou sa a, li bay yon analiz pwofesyonèl pou ede demwazèl la korije imaj li, paske selon li, rezilta vizyèl la vrèman deranje akòz yon mank metriz nan men ekip ki t ap akonpaye l la.
Cassandra kwè fèmman ke pwoblèm nan se pa bote demwazèl la, paske li pa lèd vre, men se pito yon “masak” fotograf, makiyè, ak kwafè yo fè sou li. Li raple ke lè yon moun deside mete tèt li o sèvis lòt moun nan nivo sa a, li nesesè pou l gen omwen yon bon baz nan metye l ap egzèse a. Pou li, se move chwa teknik sa yo ki lakòz rezilta a pa pwofesyonèl epi yo vin degize jèn fanm nan olye yo mete l an valè.
Nan analiz li a, konseye a montre kòman ke kwafi a ak makiyaj la yo fini pa vyeyi demwazèl la ki gen sèlman 27 lane. Li eksplike ke volim yo bay nan nivo tèt li a pa koresponn ak mòfoloji vizaj li, epi sousi yo twò nwa e yo mal desine. Anplis de sa, li deplore jan figi a chaje ak twòp matyè, pandan li raple yon prensip debaz nan estetik: lè je yo chaje, bouch la pa dwe chaje. Menm chwa rad la te poze pwoblèm, kote modèl bistye a pa t adapte ak kò li, sa ki vin bay lestonmak li yon efè tonbe, alòske li gen yon bèl kou long li ta ka pwofite plis ak lòt kalite modèl.
Fotograf la tou resevwa kritik pa l paske li pa t rive jere limyè a ni koulè yo kòrèkteman. Sèvi ak yon fon wouj sou yon rad wouj mande anpil metriz nan Photoshop pou po moun nan pa pèdi koulè natirèl li, sa ki pa t fèt nan ka sa a. Pou korije sa, Cassandra Patricia Guerrier ofri pou l ede demwazèl la pèsonèlman. Li pwopoze pou l chwazi yon bèl rad pou li, montre ekip li a kòman pou yo penyen l ak makiye l, epi gide l sou pi bon fason pou l poze devan yon lòt fotograf pou rezilta a ka nèt ale diferan.
Pou fini, konseye a ensiste sou enpòtans pou moun konprann wòl mòfoloji ak kolorimetri nan imaj yon moun. Move chwa yo ka fè yon moun parèt pi gran, pi lèd, oswa menm ba li yon gwosè ki pa pa l. Mesaj li a klè: li enpòtan pou nou travay ak pwofesyonèl ki konnen sa y ap fè si nou vle bay yon rannman ki respekte diyite ak bote moun n ap prezante yo.
Radio Generation80






