Mil senk san twantsenk kandida regale, se kantite kandida ki enskri pou patisipe nan ekzamen afyèl 2025- 2026 lan nan Jeremi.

244
0
Share:
TRiboLAND

12- 15 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Daprè deklarasyon direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl Grandans lan, pwofèsè Georges Jean Barth ki te akonpaye direktris adjwent an, madam Marie Waline Lamy, genyen mil senk san twantsenk kandida ki enskri pou patisipe nan ekzamen afyèl pou sesyon 2025 – 2026 lan nan Jeremi.

Ekzamen sila yo, toujou selon responsab yo, ap dewoule nan sèl syèj ki se Jeremi ak sis sant ekzamen toujou nan vil la. Nan kad respè pou tout pwensip ak regleman ministè a, direktè depatmantal la ak direktris adjwent an, swete kandida ansanm ak responsab syèj ak sant ekzamen yo, respekte pwotokòl yo kòm sa dwa, kèlkeswa grad ak ran sosyal yon kandida.

Finalman, selon deklarasyon responsab edikasyon nasyonal yo nan Grandans, yo ekzòte kandida yo; kit se polisye, ak lòt sitwayen, sitwayènn kap patisipe nan epwèv yo, yo pa dwe vini ak zam afe, kouto, telefòn okenn materyèl elektwonik ki pa rekòmande nan sal kote ekzamen leta a ap dewoule yo. Si non genyen sanksyon ki rezève pou kèlkeswa moun ki pa respekte pwensip yo. ‎

Share:

Leave a reply