Pou rezoud pwoblèm fatra a nan komin Jeremi, Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) fè don yon lo materyèl bay Meri an.

204
0
Share:
TRiboLAND

11 – 08 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF), yon òganizasyon non gouvènmantal kap asiste manm popilasyon an nan kesyon sante, elevaj, agrikilti, edikasyon ak lojman sosyo desan, rekonèt si pou sosyete a viv byen an sante fòk anviwonman pwòp.

Konsa, pou reponn ak pwoblèm sila Fondasyon Ayisyènn Sante, konsidere nesesite pou akonpaye kèk administrasyon piblik sou plan materyèl ak lojistik tankou meri Jerem ai an, ki resevwa yon lo materyèl tankou: pèl, rato, bòt, kas, ak bourèt yon fason pou distribye bay komite katye yo atravè vil Jeremi.

Yon parèy efò, antre nan kad mete frechè ou pwopte nan katye yo; sa ap ede yo kouri dèyè maladi ak tout fòm epidemi moun kapab pwan nan fatra.

Prezidan komisyon kominal enterimè komin Jeremi an, Onèl Jacinth ansanm ak reprezantan HHF yo, ankouraje komite katye yo kap resevwa materyèl yo, pou itilize yo byen. Yo pa dwe nan aktivite pèsonèl, men pito fè travay popilasyon an, nan kenbe anviwonman yo pwop e kouri lwen tout vye maladi.

Share:

Leave a reply