Plizyè òganizasyon sosyo politik mete tèt yo ansanm pou prezante yon kaye revandikasyon bay CPT e PM Gary Conille lan.

06 – 19 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès òganizasyon sosyo politik nan komin Tigwav, mete yo ansanm, nan yon konferans depwès maten mèkredi 19 jen 2024 la, nan lide pou prezante yon kaye dechaj bay gouvènman CPT e PM Conille lan.
Selon militan yo, se tout òganizasyon nan rejyon dèpal ki tap goumen kont ansyen gouvènman kriminèl Ariel Henry a, ki mete ansanm pou prezante yon parèy kaye dechaj nasyonal sila a.
Sekirite, eliminasyon tout fwaye gang yo, pou tout ayisyèn, ayisyen kapab sikile san pwoblèm. Yo egalman reklame kouran elektrik nan vil Tigwav avan 15 dawout; kiraj nan divès rivyè ki ankri e ki menase inonde vil yo, pami yo, Rivyè Gran Ravin nan Gran Gwav, Rivyè Foche, Rivyè Ladig, Rivyè Kayiman, Rivyè Koutis, Rivyè Pwovans ak Rivyè Dlo Piti nan Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav.
Yo pwente dwàt tou sou reparasyon kèk twonson wout nan vil Tigwav , tankou Jubilé, Ridèvin, Granri, Ri Dipò, avni Solidarite; reparasyon biwo DINEPA ki pase anba dife, yo reklame 2 lise teknik, youn pou Leyogan, youn pou Tigwav. Bidjè pou chak komin yo fè pati ansanm doleyans òganizasyon yo, yon fason pou fè devlopman lakay yo. Anfen, se yon ansanm revandikasyon òganizasyon ki tap goumen kont ansyen gouvènman kriminèl Ariel an, prezante bay nouvo gouvènman CPT Conille lan.
Toutfwa, ansanm òganizasyon sosyo politik sa yo, mande nouvo gouvènman CPT PM Gary Conille lan, atravè ministè lajistis pou mete entèdiksyon depa kont tout minis , tout direktè jeneral yon fason pou yo pa kouri al kache pou jwii lajan yo vòlè nan peyi a, pandan yo mande ULCC, UCREF ak KOUDEKONT pou fè odit sou jesyon sou ansanm moun ki te genyen pòs minis ak direktè jeneral sou ansyen gouvènman defakto Ariel Henry a.







Can you be more specific about the content of your article? After reading it, I still have some doubts. Hope you can help me.
Thanks for sharing. I read many of your blog posts, cool, your blog is very good.