Sèktè biznis lan nan Nòdwès peyi a ap plere disparisyon pitit li Rigauber Noël

602
5
Share:
TRiboLAND

11 – 09 – 2024

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Vil Pòpdpe leve maten samdi 9 oktòb 2024 la anba yon nouvèl tranble janm ak kase manm, lè yo aprann lanmò PDG pi gwo otèl nan depatman Nòdwès la, Breeze Marina Hotel, Mesye Rigauber Noël, pitit Site Kapwà Lamò a.

PDG Noël ki pat gaya depi plizyè jou aprè yon AVC kritik swit ak yon move san jalouzi boubout. Enfòmasyon yo vle fè kwè fanmiy lan ki te deja ap planifye pou antre nan vil Okap avèk li pou assistans medikal, jodi samdi 9 okòb 2024 la, pat menm gentan deplase kite lakay li; li mouri an prezans fanmiy li nan rezidans prive li nan vil Pòdpè; yon disparisyon ki mete non sèlman sektè biznis ak touris la nan gro konstènasyon, men lage twaka popilasyon nan yon tristès kolektiv.

PDG Brise Marina Hotel la, bay planèt la do. Li kite anba dlo nan je yon latriye 75 pitit nan chagrin. Ke nanm progresis ou antreprenè enpekab la repoze nan Lapè etènèl.

Share:

5 comments

  1. Silienord wilma 9 November, 2024 at 17:22 Reply

    Yon mun kte tout espwa fanmiy l’an te rete sou li pou jan li te knn sipòte yo nan tout aktivite . fanmiy sa yo ap santi yo dezole anpil psk yo pèdi Yon mun ki te utile e chè pou yo.

  2. vorbelutr ioperbir 15 December, 2024 at 22:35 Reply

    Hi there! This post couldn’t be written any better! Reading through this post reminds me of my previous room mate! He always kept talking about this. I will forward this article to him. Pretty sure he will have a good read. Thank you for sharing!

Leave a reply