Pati Politik EDE enstale yon nouvèl kòdinasyon nan komin Dèlma jounen dimanch 16 jen 2024 la.

804


06 – 17 – 2024

Dèlma, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou bay jarèt ak Pati Politik ki pote non ” Engaje yo pou Devlopman”, komite direktè pou depatman Lwès la, enstale jounen dimanch 16 jen 2024 la yon nouvèl kòdinasyon nan komin Dèlma.

Seremoni sa a dapwè plizyè jounalis ki te sou plas, ta pral dewoule san okenn ensidan nan prezans divès gwo potanta kifè patiestrikti politik EDE a.

N’ap raplew nan dènye jou sa yo, Pati politik ki pote non EDE a, ki genyen ansyen premye minis Claude Joseph nan tèt li pa sispann miltipliye rankont ak manm li yo nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Comments are closed.