Yon nouvo konsèy pran tèt Kòporasyon tribinal Depè Pòdpè a

803


06 – 14 – 2024

Pòdpè, Ayiti _______(TRiboLAND) Yon nouvo konsèy pran rèy Kòporasyon tribinal Depè Pòdpè a, jodi vandredi 14 jen 2024 la. Atravè yon odyans ekstrawòdinè, anime sou lobedyans Mèt Erané Saint Louis kòm Mèt seremoni, sesyon an te kòmanse vè 10è 45 nan sal odyans tribinal la pou resevwa ansyen ak nouvo konsèy la.

Nouvo konsèy la gen nan tèt li Mèt Jean Wilguind akonpaye Sekretè ak Trezorye li daprè estati Kòporasyon an. Nouvo Prezidan Konsèy la ki gen yon manda 2 lane bay tèt li obligasyon pou redore blazon Kòporasyon an. Nan prensip ak disiplin, ak sipò tout manm Kòporasyon an, nouvo prezidzan mande kolaborasyon tout manm kò a pou bon mach Kòporasyon an.

Prezidan sòtan an, Mèt Yves Augustin bò kote pa-l, deklare li te kontan sèvi Kòporasyon an pandan 2 lane, li swete bòn chans ak bon travay ak nouvo konsèy la. Ansyen Prezidan pwomèt lap toujou disponib pou kontinye bay tout sipò posib.

Prezidan KEP la, Mèt Siméon Jean Wilbert ki te òganize eleksyon yo bò kote pa-l, konseye nouvo konsèy la bon travay pandan yo dwe asime responsablite yo pou fè Kòporasyon an mache. Li fini pou mande fonde pouvwa yo sispann vann move imaj, lè yo fèl konsa se imaj tout avoka ak Kòporasyon an yo sal.

Odyans ekstrawòdinè sila fèt nan prezans divès manm Kòporasyon an, paran ak zanmi nouvo manm konsèy la, ak divès responsab nan tribinal la.

Comments are closed.