Pòt pawòl “Viv Ansanm” yo, Jimmy Chérisier alyas “Barbecue” pote demanti fòmèl sou akizasyon lanmò 3 polisye yo.

871


06 – 11 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Pòt pawòl ti mesye yo “VIV ANSANM” yo, Jimmy Chérisier alyas ”Barbecue”, nan yon videyo li pibliye, jodi lendi 10 jen 2024 la, pote yon demanti fòmèl konsènan enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyo yo ak radyo tradisyonèl yo, kòm kwa se limenm ki ta lakoz 3 polisye yo pèdi lavi yo, nan yon cha blende nan Delma 18 yè dimanche 09 jen 2024 pase a.

Jimmy Chérisier ki lonje dwèt jouda men longè sou Lionel Dumé, li di, ki se yon sèvo nan asasina 3 polisye yo; li fè konnen Lionel Dumé te pwopoze yo, negwosyasyon ant gang Solino e gang Bèlè.

Yon lòt bò, pòt vwa ti mesye “VIV ANSANM” yo, Chérisier kritike leta ayisyen, li di ki iresponsab e ki lakoz krim sa yo ap fèt andan peyi a; anpil kritik pa pran tan pou voye jete zèl kat eskiz sila kap jwe depi pandan plizyè ane. Pou yo menm, se tankou chèf kriminèl la pa janm enplike nan touye moun.

Comments are closed.