Yon endividi resevwa bwa kale plizyè lòt pran bal, se rezilta yon katchouboumbe katastwofik ki make jounen samdi 08 jen an nan komin Sen-Michel.

926

06 – 08 – 2024

Sen- Michel, Ayiti__(TRiboLAND) Bagay yo vrèman mongonmen nan komin Sen-Michel Latalay jounen samdi 08 jen 2024 la. Rodney Chancy, se non pitit gason ansyen depite Ènri a, Cholzer Chancy, ke popilasyon an ta enplike, kòm kwa li ta tire plizyè moun nan pye pandan li ta abò yon machin Patwòl nan seksyon Kamat.

Dapwè enfòmasyon Fòs Rezistans Sen-Michèl Latalay pibliye ta fè kwè, se yon jèn gason pitit ansyen depite Ènri a, Cholzer Chancy, ki ta lotè zak fiziyad sila.

Yon lòt bò, Fòs la esplike te gen yon lòt jèn gason ki te abò Nissan Patwòl la, ki t’al deside rann tèt li nan komisarya Sen- Michel la, ki malerezman pase anba kolè popilasyon an, saki lakòz yo rache li ak kout manchèt epi mete dife sou li.

Nan moman n’ap pale la, bilan yo bay men nan machwè, men sepandan pèsòn pako ka evalye kantite dega ki pwodui nan kad fiziyad sila.

Comments are closed.