Popilasyon an nan komin Dèlma voye nan peyi san chapo yon prezime kadejakè.

718


05 – 23 – 2024

Dèlma, Ayiti__(TRiboLAND) Minè yo nan peyi Dayiti pa sispann fè fas kare ak vye zak kadejak nan dènye moman sa yo.

Jounen mèkredi 22 me 2024 la, popilasyon an nan Dèlma 31 voye nan peyi san chapo yon endividi 40 lane, ki pran malen plezi fè jwèt sisinay sou yon minè 14 lane.

Endividi sa a ke nou pa genyen twòp detay sou li, mache pòs li aprè ke popilasyon an mete fen nan vi li.‎

Comments are closed.