“Koz Nòdwès” menm jan ak anpil lòt òganizasyon ta swete wè ke se Dr Garry Conille ki vin Premye Minis peyia

833


05 – 23 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon nòt pou Laprès Kòdonatè “Koz Nòdwès” la, Deris Kolsky Trompé mete deyò, li fè konnen menm jan ak anpil lòt òganizasyon, yap sipòte Dr Garry Conille pou vin Premye Minis peyia.

Lè yo konsidere leadership, sans responsablite ak dimansyon politik Dr Conille, se yon prototip konsa peyia bezwen. “Koz Nòdwès” atravè yon nòt pou Laprès, kontinye pou di, Dr Gary Conille bay plizyè peyi kout men sou kesyon kriz imanitè nan mond lan, anplis li gen kapasite pou travay ak tout sektè yo.

“Koz Nòdwès” ankouraje konsèy Prezidansyèl la chwazi Dr Garry Conille pou Premye Minis, se va yon bon direksyon nan batay pou remete peyia kanpe.

Comments are closed.