Yonn nan sibtiti komisè gouvènman bò kote TPI Tigwav la prezante bay laprès sityasyon degraba biwo lap fonksyone a.

803

05 – 22 – 2024

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Sibtiti komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Tigwav la, Mèt Joseph André Exavier, prezante jounen mèkredi 22 me 2024 la nan ki sityasyon difisil lap resevwa jistisyab yo akòz biwo li ki nan move eta.

Pou majistra a, biwo li sèlman ka twonpe solèy men li paka twonpe lapli akòz, lè lapli tonbe se yon lavalas dlo k’ap desann andedan biwo a, sa ki lakòz se nan sal odyans li oblije lage kò li pou resevwa yon kliyan.

N’ap raple’w ke Palè jistis Tigwav la se sèn teyat dife chak moman manifestasyon, sa ki lakòz plizyè biwo nan Palè a pa ko ka repwann eskanp figi yo.

Comments are closed.