Ministè Edikasyon Nasyonal revoke pèmi Direktè lekòl Georges Sylvain pou abi fizik sou elèv nan Sen Mak

912


05 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon kominike pou Laprès Ministè Edikasyon Nasyonal mete deyò, yo enfòme popilasyon an, ke yo sispann pèmi Mèt Clement Geffrard Lanier ki se Direktè Administratif lekòl Georges Sylvain nan Sen Mak pou zak vyolans li te fè sou yon demwazèl lendi ki te 20 me 2024 la.

Ministè a vle reyafime detèminasyon-l pou konbat zak vyolans sou tout fòm kap fèt anndan lekòl yo, lekòl se yon espas kote elèv yo dwe aprann viv nan respè youn pou lòt ak nan dinyite.

Ministè a sispann tou, pèmi Direktè prensipal la tou, Mèt Félix Estimé. Responsab yo nan Edikasyon Nasyonal pran mezi sa yo, aprè rapò Direktè depatmantal Edikasyon Latibonit la ki konfime zak vyolans grav ki fèt sou yon elèv NS2 anndan lekòl la.

Comments are closed.