Lapopo fouke 3 bandi sangwen ak yon gwo magogo lajan

934

09-30-2023

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad ankèt ke lapolis tap fè sou kriminèl ki ta asasine gwo antreprenè, Guy Louissaire nan vil Okay, yè mèkredi pase a, fòs lòd yon mare kou krab 3 pwezime bandi nan depatman Sid peyi a.

Peterson Millien, alyas “Bali gaz”, 26 lane, Emmanuel Prospère 28 lane, e Alque Jeff, 25 lane trouve yo anba kòb lapolis manu militari.

Fòs lòd yo jwen nan men sangwen yo yon gwo magogo  ki estime 617,000 goud ak yon bou lajan blan meriken ki se yon montan 5,200 dola.

Comments are closed.