Nekwoloji: Pwemye Balondò afwiken an, Salif Kéita mouri maten nan Bamako

815

Bamako, Mali____(TRiboLAND) Salif Kéita, alyas “Domingo”, pwemye balondò afwiken an mouri maten jodi 2 septanm 2023 a, nan Bamako, kapital peyi Mali apwè li te kouche malad.

Ansyen jwè entènasyonal malyen an, Salif Kéita Domingo kraze yon kite sa e di planèt la babay. Se sa ke Federasyon Foutbòl malyènn nan anonse jodi samdi nan Bamako. Jwè enpekab AS Saint Etienne, ansyen Pwezidan Federasyon Foutbòl peyi Mali a, se te yon veritab lejann ki fè gwo koze nan jwèt mate boul la. Nan lane 1970, Salif Kéita Domingo te nome pwemye jwè Balondò afwiken.

Domingo mouri nan laj 77 rekòt, dapwè komite egzekitif FEMAFOOT ki voye yon chay kondòleyans bay fanmiy ak monn foutbòl la ki afekte anba doulè disparisyon ikonn afwiken an.

Comments are closed.