Repiblik Dominikèn ap vanse pou pi devan; sepandan li pa soti pou divòse ak move tretman migran ayisyen

3,104

Genyen yon inivè diferans ant devlopman Repiblik Dominikèn e Repiblik Dayiti. Fason jerans peyi fèt ant 2 nasyon yo, se jou ak lanwit prèske nan tout nivo devlopman ke yon moun te kapab imajine.

Sepandan, malgre tout avansman sa yo, Repiblik Dominikèn genyen anpil difikilte pou li divòse ak yon seri pwatik diskriminatwà ak move tretman nan nivo migrasyon ki pa ditou sanble ak progrè inovatif repiblik panyòl la. Se vre anpil gro efò fèt an matyè devlopman; sepandan dwà migran, patikilyèman dwà  migran ayisyen, se chak jou ki jou otorite migrasyon ap foule yo anba pye.

Migran ayisyen se group ki pi maltre ou anpil fwà tòchone anba sovajri sòlda ou ajan sèvis migrasyon repiblik dominikèn an. Kòmanse sou fason yo trete fanm ayisyèn ki ansent e ki al dèyè sèvis prenatal, se reyèlman endinyan! San pale de kondisyon ak prosede responsab sèvis migrasyon yo itilize pou depòte ayisyen pa pakèt ak latriye. Anpil fwà objektif la pa lòt bagay, kouri fè lachas dèyè migran yo yon fason pou pran tout sa yo posede kòm byen. Yon sitiyasyon ki ta sanble tèt koupe ak sa ki rive yon seri ayisyen envèstè ke anpil nan otorite dominikèn yo fè leve kouri sou pretèks magogo yo envèsti yo soti nan zak kòripsyon anndan peyi Dayiti.

Konsa, videyo kap fè laviwonndede sou rezo sosyàl yo ki ta refere ak move tretman ak chèn ak baton ajan DGM dominiken ap enflije a yon malere ayisyen, pa ka etone pèsòn moun. Nan yon tweet ki li te mete deyò aprè li te fin gade viyo “lawont” lan, ansyen PM a.i peyi Dayiti a, Claude Joseph kritike ou denonse avèk tout fòs move tretman sòlda ap enflije a yon sitwàyen ayisyen.

Kontrèman a responsab dominiken yo ki vle minimize zak malonèt sa; se yon seri patèn konpòtman rasis ak kronik ki enkilke nan konsyans nasyonal peyi a ke migran ayisyen ap subi chak jou lakay vwàzen.

Jous ki lè Ayiti ap resisite e pou li dote tèt li yon lidè ki pa lèdè ni restavèk, ni malad mantal ou idyo, men ki konsekan, konpetan e patriyotik nan yon pwen ki kapab fè ayisyen jwi tout kalite sekirite ak respè. Si se pa sa, listwà kapab repete ankò; migran ayisyen yo riske konnen yon lòt masak, kote ke prezidan dominiken, Rafael Trujillo te pase lòd pou fè asasine plis pase 20 mil ayisyen nan lane 1937.

Enel Richard

Comments are closed.