Ki biznis kem ta dwe fè? Kijan poum chwazi plan biznis mwen?

1,566

09/09/2021

Bonswa ou bonjou tout moun, anpil nan nou gen ide fè biznis,e nou di lèfa nou fini lekol oswa lè nou gen yon ti mwayen nan men nou nap lanse yon biznis, men nou pa janm eseye ekri yon plan sou papye pou nou gade kisa kap bon e ki pap bon pou nou ta kòmanse biznis nou an.

Tout biznis (entreprise) nou wè jodia ki fè siksè e ki gen plis pase “100,0000$” kap brase ladanl, e ki gen plis pase 100 travayè (salariés) kap travay ladanl, yo te komansel ak yon plan. Chwazi yon biznis (entreprise) pou fè se pa yon bagay fasil men li pa difisil tou.

Pafwa lè nou vle fè yon biznis nou toujou mete nan tèt nou ke gen anpil moun ki gentan ap fè biznis sa dejà, oswa nou panse ke prodwi nou pral ofri a pap vann, oswa nou konn ront zanmi nou paske nou pa vle yo konnen ke nap fè biznis. Men tout sa yo se de ide ki nan lespriw kap rann ou pi pòv de jou yon jou. Avan w chwazi yon stil biznis (entreprise), gade antouraj ou, gade kisa moun ki antoure w yo plis bezwen, sa rele “Étude du marché”. Pafwa tou nou konn panse ke moun yo pap vle prodwi nou vin ofri a, poutan se nan lespri nou sa ye.

Yon biznis ka kenpot bagay, li ka: “rad ou achte angwo pou revann, yon boutik , pwodwi kosmetik, yon bak fritay, ect..”. Aprè lè w fin genyen estrateji jeneral la (biznis ou vle a) ou dwe fè yon plan (estrateji operasyonèl). Nan plan biznis ou an, ou dwe mete: stil biznis ou vle fè a, kantite lajan wap envesti ladanl, konbyn wap vann grenn prodwi yo, konbyn benefis wap fè sou grenn prodwi a si wap vann an detay, e konbyen wap fè sou stòk si wap vann angro, epi wap gade kijan w ka ogmante lajan w te envesti a parapò a benefis ou fè.

NB: pa melaje lajan pa w ak lajan biznis lan. Si w gen 5000 goud pou w konmanse yon biznis, pa mete tout kob la nan premye lansman an, ou dwe mete mwatye. Lèw fè benefis yo, ou dwe retiré 10% pou ou, epi 90% re envestil pou ou ka ogmante premye kòb la. Pa mete nan tèt ou ke biznis se yon bagay ki imilyan, paske moun kap fè biznis pa konn gen gro problèm ekonomik, e sa pèmèt ou jere bezwen kontidyen ou.

Biznis pa yon aktivite kote wap vin keyi kob sèlman, men yon entrepreneur se yon moun ki vin bay moun sèvis, e plis wap bay sévis, plis lajan entreprise ou an ap ogmante (chiffre d’affaire). Pa kite okenn moun detounen w sou projè w paske se sèl sa yo la pou fè. Itilize tout moun ki sou kontak ou pou fè lajan, ofri yo prodwi ou genyen an, fè zanmi ak moun ki gen menm ide avè w e fè lekti nan liv nap pataje yo pou plis rete konsantre.

Poze kesyon poun ka plis agrandi fomasyon an mèsi.

Otè: ZAMBIGUIT’ART
Entreprise : RAGOUTE ARTICLES DIVERS (43074435)

Comments are closed.