Pòtoprens: tansyon ak flanm dife fè kenken menm avan gro joune protestasyon 18 novanm lan

211

11\17\20

Pòtoprens____(TriboLAND) Gro tansyon nan kapital peyi Dayiti a; chalè dife nan perimèt nouvo batiman cour supérieure des comptes et du contentieux administrative, chofè kap fè ladrès pou kase tèt tounen pou pa pran nan angrenaj ak barikad anflame ki deja bay yon avangou de sa ki gen pou fèt nan joune 18 novanm ki deja demare nan diferan kwen nan Pòtoprens.

Moun te kapab konstate divès seyans stimulasyon kadav vlope avèk dra blan pou eksprime pandemi ensekirite a ak jistis pou krèy inosan ke diktatè Jovenel Moise deja touye, daprè yon group protestatè ki t’ap manifeste e bloke sikilasyon an nan kafou avni Charles Summer ak Christophe.

Akote tout ajitasyon sa yo, divès lòt kote tankou Fontamara, Kafou, ak divès kwen nan kapital la t’ap proteste nan plase gwo kamyon truck an bandoulyè nan divès wout pou mande jistis pou Me Monferrier Dorval, Grégory Saint-Hilaire, Evelyne Sincère ak yon pakèt latriye lòt sitwayen ki viktim anba bandi sangwen ke anpil moun kwè ki nan danse kole ak gouvènman an.

Comments are closed.