Ansyen komisè gouvènman pakè Tigwav la, plede pou leta Ayisyen fè yon vrè dezameman atravè peyi Dayiti.

80
0
Share:
TRiboLAND

11 – 21 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Ansyen komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la, ki se alafwa komisè nan Kou Dapèl nan vil Okay, mèt Pierre Elioth Paul, nan yon interview li akòde laprès jodi samdi 21 novanm 2026 lan, plede pou leta ayisyen mete sou pye yon vrè politik nasyonal dezameman yon fason pou ranmase zam ak minisyon atravè peyi Dayiti.

Ansyen chèf pakè jiridiksyon Tigwav la, fè konnen genyen nesesite pou leta mete sou pye yon politik nasyonal dezameman epi ranfòse siveyans sou fontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Ajoute ak sa, konbat zam ilegal kap rantre nan peyi a.

Aktyèl komisè Kou Dapèl vil Okay la, mèt Pierre Elioth Paul presize, deklare se feblès kontwòl ki genyen sou fontyè ant Repiblik Dominikèn avèk Ayiti ki fasilite zam ak minisyon antre nan peyi a, sitou zam k’ap soti nan peyi Etazini ki pase nan Repiblik Dominikèn e antre nan peyi Dayiti.

Toutfwa mèt Pierre Elioth Paul, plede pou genyen yon leta solid ki kapab fè fas ak tout kategori gang yo: tankou gang ak sapat yo epi gang ak kravat yo ki efondre administrasyon piblik yo. Li ankouraje entèvansyon prezidan Nayib Boukele atravè sòlda salvadoryen yo nan kad batay k’ap mennen pou derasinen gang kriminèl Viv Ansanm yo atravè peyi a.

Share:

Leave a reply