Yon nouvo lokal konstwi pou jere kapasite sèvis PNH la na Grandans.

50
0
Share:
TRiboLAND

04 – 22 – 2026

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse kapasite sèvis enstitisyon polis nasyonal lan nan Grandans, pwogram nasyon zini pou devlopman (PNUD) atravè biwo kòdinasyon teknik kap apiye enstitisyon polis nasyonal la, ak patnè finansye tankou peyi Kanada, finanse konstriksyon yon nouvo lokal pou loje direksyon depatmantal polis lan nan Grandans.

Daprè direktê teknik kap apiye pwojè PNH lan, Oumar Dallo, lokal sila ki genyen dis chanm, pami yo yon espas pou antrepoze zam ak minisyon enstitisyon an, 2 chanm pou gadavi pou fanm kou gason, yon blòk sanitè ak yon ansyen lokal ki reabilite pou desèvi sèvis depatmantal polis jidisyè a (SDPJ) ak biwo brigad pwoteksyon minè yo (BPM) Grandans.

Direktè teknik lan ale pi lwen pou li fè konnen ke yon parèy pwojè arive materialize pou yon bagatèl desan swasant de mil dola ameriken. Kòb sila yo genyen anpil pou wè nan depans pou enèji, acha materyèl biwo.

Bò kote direktê depatmantal polis Grandans lan, Frantz Saint Armand ekspwime apwesyasyon li pou yon parèy jès; li mande manm popilasyon an ak tout polisye yo, pou pwoteje lokal lan ki genyen yon enpotans total kapital parapò ak misyon espesifik PNH la ki se pwoteje.

Share:

Leave a reply