Plizyè dizèn moun manifeste nan lari Tigwav pou reklame liberasyon direktè imigrasyon ak emigrasyon an.

164
0
Share:
TRiboLAND

03 – 30 – 2026
Tigwav, Tigwav _____(TRiboLAND) Plizyè dizèn moun manifeste nan lari vil Tigwav, vandredi 27 mas 2026 lan. Mouvman sa a, fèt, se nan lide pou mande liberasyon direktè imigrasyon ak emigrasyon, Antoine Jean Fénelon, yo te akize kòm moun ki nan fè fo paspò.

Pwotestatè yo ki te fache anpil, tap lanse gwo pawòl piman bouk sou tout pakou yo kont gouvènman tranzisyon an, yo te ak pankat nan men yo ki make divès revandikasyon pami yo, liberasyon direktè imigrasyon ak emigrasyon an, direktè a pa nan vòlè, se yon jèn gason kap travay ki vini ak yon nouvo pwogram ki rele Ikat pou anpeche nèg vòlè, se sa ki lakoz yap lage po fig anba pye li.

Toutfwa, manifestan yo ki kwè DCPJ ak pakè pa repwoche direktè Antoine Jean Simon anyen nan kad rapò yo pwodwi. Yo fè konnen si pouvwa defakto Alix Didier FILS AIME a, pa libere direktè a, yo menase bloke wout Gransid la.

Share:

Leave a reply