Dyozèz Jakmèl lanse premye jounen senpozyòm pastoral Inivèsitè

802


07 – 04 – 2024

Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Pastoral Inivèsitè Dyozèz Jakmèl nan tèt kole ak inivèsite Notre Dame lanse jounen jedi 04 jiyè 2024 la, premye jounen senpozyòm pastoral Inivèsitè nan dyozèz la kap boukle samdi 06 jiyè kap vini la. Aktivite sila òganize sou tèm “Edikasyon, Patisipasyon ak Responsablite” twa pilye pou devlope peyi Dayiti, nan sal Polivalan an kote ki rasanble plizyè dizèn moun.

Sòti jodia pou rive 06 jiyè a, plizyè panèl pral travay sou plizyè sijè ki akse sou edikasyon, istwa ak politik, tankou: devni moun an Ayiti, avèk ki edikasyon; konnen Ayiti ak edikasyon sitwayen; politik ak angajman sitwayen; ki leadership pou devlopman Ayiti se pami sijè panèl yo pral reflechi sou yo ak gran piblik la.

Edikasyon se zam ki pi pwisan pou devlope mond lan, divès moun ki prezan chita sou pawòl sa Nelson Mandela te di pou montre enpòtans Leta dwe bay edikasyon nan peyia, nan batay yap pwone pou chanje peyi Dayiti.

Comments are closed.