Premye Minis Garry Conille vizite paran polisye UTAG ki te mouri yo

805


06 – 17 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Premiye Minis Garry Conille visite jounen dimanch 16 jen 2024 la, fanmiy polisye UTAG bandi sangwen, manm kowalisyon gang Viv Ansanm te touye Dèlma 18, 9 jen pase a. Daprè sa PM lan rapòte, fanmiy Fermitus di sèl sa ki soulaje fanmiy lan se paske li mouri nan sa li renmen.

PM lan ki ta sanble vini ak yon mouvman sipòte PNH la, rann paran defen yo vizit nan lide pou rekonfòte yo ak tande sa yo gen pou di.

Aprè yon bon chita pale ak fanmiy Fermitus Wilkens ak Clovis, li pwomèt ke ekip li a pral pran divès mezi pou ranfòse travay polisye yo.

Aprè lanmò polisye sa yo, divès manm nan popilasyon an ap tann Leta ranmase eskanp figi-l nan kreye yon klima favorab e estab pandan yap ranfòse fòs lòd yo pou konbat fenomèn ensekirite a.

Comments are closed.